Kriminèl Lakwa Peris yo kidnape mèt Caleb Jean-Baptiste ayè lendi 7 septanm 2026 la nan komin Gwo Mòn, nan lokalite Ti Bwadòm. Stéphanie Paultre, direktris Ofis Nasyonal patenarya Edikasyon (ONAPE) te ansanm ak Caleb Jean-Baptiste, kriminèl yo kidnape l tou. Poko gen detay ki bay sou sikonstans anlèvman sa a.
Detanzantan, volim kidnaping nan ap monte nan peyi a.













