Atakan seleksyon nasyonal Ayiti a, Wilson Isidor, pran lapawòl aprè reyaksyon ki te leve sou selebrasyon li te fè aprè gòl li te make kont Repiblik Dominikèn yo. Nan yon mesaj li pibliye, Isidor fè konnen reprezante Ayiti se yon bagay ki depase foutbòl. Daprè li, mete mayo seleksyon an se pote istwa, idantite, kilti ak espwa tout yon pèp. Jwè a mete aksan sou fyète li genyen pou l defann koulè peyi li, pandan li rekonèt responsablite ki vini ak privilèj sa a.
Mwen pote mayo sa a ak yon gwo fyète. Yon fyète pwofon, sensè, ki pa bezwen opoze ak pèsonn pou l egziste. Nan fen mesaj li a, Wilson Isidor renouvle fyète li pou peyi li ak pou pèp ayisyen an.













