Selon enfòmasyon Laprès entènasyonal pataje, Lionel Andres Messi ki fenk fini karyè entènasyonal li ak Ajantin ap prezan nan pwochen seremoni Balon Dò a. Sèlman, 8 fwa balon dò a p ap la pou resevwa twofe a men pito pou remèt li bay nouvo loreya a. Enfòmasyon sa a kòmanse lage gwo deba nan mitan fanatik foutbòl yo sou rezo sosyal yo.
Ant Yamal, Kane, Mbappé oubyen tout lòt seleksyone yo, se kiyès k ap ranpòte edisyon sa a?













