Aprè l fin patisipe nan rache jenn fi nan baz 400 mawozo a, DCPJ pa pran tan pou lage avi rechèch dèyè Esther Thomas alyas Nice B. Motif avi rechèch la se asasina, tantativ asasina ak asosiyasyon malfèktè. N ap raple selon anpil moun, aprè krim san parèy sa a, Nice B te retounen al […]Lire plus...
Sitiyasyon sekirite a kontinye bay gwo kè sote nan depatman Latibonit. 894 moun, ki reprezante 230 fanmi, oblije kite kay yo aprè vyolans ame ki te fèt nan zòn Jean Deni nan komin Ti Rivyè Latibonit, daprè yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM). Daprè done Displacement Tracking Matrix (DTM) OIM nan, deplasman sa yo […]Lire plus...
Otorite lokal yo anonse sispansyon tanporè tout otorizasyon pou sikile ak zam nan vil Wanament, apati samdi 5 septanm 2026. Desizyon an soti nan yon pozisyon ansanm Delegasyon Nòdès la, Pakè Wanament, Meri Wanament ak Direksyon Depatmantal Polis Nòdès la. Mezi sa a vini nan yon kontèks kote sitiyasyon sekirite a rete yon gwo sous […]Lire plus...
Sonson, yon ansyen benefisyè Fondasyon Frè Luckson Zòn Pa Fè Moun, ta rejwenn gwoup teworis Kanaran an kote Jeff Gwo Lwa ap dirije. Sonson te pase plizyè mwa nan sant Dakèy la, kote li te resevwa akonpayman, jwenn yon nouvo opòtinite, vwayaje Bahamas epi kòmanse devlope tèt li kòm atis. Men jodi a, li ta […]Lire plus...
Lapolis arete 11 moun nan kad yon operasyon anti-dwòg ki te dewoule nan dat 29 dawout nan zòn Monchil ak Sentelèn, nan komin Jakmèl. Operasyon an te fèt sou direksyon Direksyon Depatmantal Sidès PNH la. Pami moun yo arete yo, otorite yo idantifye Dabady Mimose, Jean Francky, Marie Antoinette Alexandra Laurent ak Chérubin Sony. Daprè […]Lire plus...
De (2) sitwayen Kore di Sid ki te kidnape nan Pòtoprens depi 31 jiyè 2026 jwenn liberasyon yo, daprè Ministè Afè Etranjè Kore di Sid. Daprè otorite sidkoreyen yo, premye viktim nan te libere 18 dawout la pandan dezyèm nan te jwenn liberasyon li 1ye septanm. Ministè a konfime tou 2 sitwayen yo an sekirite […]Lire plus...
Plis pase 25 jou depi fòs GSF yo prezan nan zòn Gonayiv, sitwayen yo kontinye ap denonse sitiyasyon sekirite a nan Lakwa Peris, yon seksyon kominal kote gang Kokorat San Ras ta kontinye ap fè lalwa depi yon bon bout tan. Daprè temwayaj plizyè sitwayen, pandan gwoup ame yo kontinye egzèse kontwòl yo nan Lakwa […]Lire plus...
Nan vil Ench, plizyè sitwayen ak viktim kontinye denonse yon seri zak grav kote endividi ta antre lakay fanm, vyole yo epi vòlè afè yo. Plizyè ka deja fèt nan vil la, daprè temwayaj ak enfòmasyon k ap sikile nan plizyè medya lokal. Sitiyasyon an ap ogmante kè sote nan mitan popilasyon an, sitou pami […]Lire plus...
Nan yon videyo ki viral sou rezo a nan fen jounen vandredi 28 dawout la, tout moun konstate Fr Luckson Zòn pa fè moun k ap kite baz la ak yon ti moun sou ponyèt li. Li gen plizyè lòt moun avèk li ki sot pran ti zanfan sa yo kriminèl yo te kenbe an […]Lire plus...
Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO) ak Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) reyalize yon operasyon nan lokalite Bodmè komin Limonad, jedi 27 dawout la, anviwon 1è30 nan maten. Daprè Direksyon Depatmantal Nò PNH la, operasyon an te pèmèt fòs lòd touye 3 prezime bandi, pandan echanj kout zam. Pami yo ta gen yon moun yo idantifye […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
