Se afwontman ant 2 gwoup gang ki koz lanmò plizyè endividi nan Bòdmè Limonad daprè Arol Jean, pòt pawòl PNH la pou depatman Nò. Viktim yo se pa manm popilasyon sivil la men se pito bandi ki tonbe toujou selon pòt pawòl la. Detanzantan gen ti dife vilan nan rejyon nò a e semèn pase […]Lire plus...
Romel Benoît, yon jèn gason, pèdi lavi l anba bal jedi 27 dawout 2026 la, nan lokalite Mankèt, komin Wanament. Ensidan sa a pase anviwon 9è nan aswè, pandan viktim nan te sou yon motosiklèt. Daprè temwayaj plizyè moun nan zòn nan, plizyè kout zam te tire sou jèn gason an. Moun ki te komèt […]Lire plus...
Aprè dènye kanaj teworis yo fè sou popilasyon Kenskòf la, lapolis frape fò pou bay viktim yo jistis. Yo pran kèk dezisyon tankou fè plizyè pòs sou Facebook, voye kèk mo kondoleyans, yo bay yon konferans pou laprès menmsi pa gen bilan epi yo chanje komisè polis Kenskòf la. Sinyal sa yo vle montre aklè […]Lire plus...
Yon chanjman fèt nan tèt Komisarya Kenskòf jedi 27 dawout 2026 la. Komisè prensipal Ketler Jean-Pierre Morisseau pran ofisyèlman direksyon lapolis nan komin nan, kote li ranplase enspektè divizyonè Nickenson Cadet. Se direktè depatmantal Lwès 1 an, komisè divizyonè Yvon Cantave, ki te prezide seremoni enstalasyon an epi fè pasasyon sèvis la.Nominasyon sa a rive […]Lire plus...
Anviwon 647 moun ki sòti nan 702 fanmi oblije kite kay yo aprè atak gang ame yo nan komin Kenskòf nan lannwit 23 pou rive 24 dawout la. Se sa Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) rapòte nan yon dokiman li pibliye yè mèkredi 26 dawout. Daprè OIM, plizyè lokalite nan Kenskòf te touche nan vyolans […]Lire plus...
Selon Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), pou pi piti 1 408 moun pèdi lavi yo epi 656 lòt blese nan peyi a ant avril ak jen 2026. Daprè done BINUH yo, vyolans ak ensekirite kontinye lakòz gwo kantite viktim nan plizyè zòn nan peyi a. Chif sa yo montre gravite kriz sekirite a an […]Lire plus...
Derby Guerrier chèf eta majò Lame d Ayiti deklare nan yon entèvansyon li t ap fè nan Le Nouvelliste, gang yo konn pi byen ame pase fòs lòd yo. Deklarasyon chèf Lame a parèt iresponsab e menm konplis paske se jarèt li bay gang yo epi dekouraje viktim yo. Di gang yo pi byen ame […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè (BLTS), sezi yon kantite lajan ki rive 45 260 dola ameriken nan Ayewopò Entènasyonal okap la. Daprè yon kominike Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP) pibliye dimanch 23 dawout 2026, operasyon an te fèt vandredi 21 dawout nan kad yon entèvansyon ajan BLTS yo. Lajan an te sezi nan men […]Lire plus...
Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Nò (SDPJ/Nò) ak Brigad Entèvansyon Kap-Ayisyen (BI/Kap) mennen yon operasyon byen bonè mèkredi 19 dawout 2026 la nan Kèka Lakonm, nan komin Katye Moren. Operasyon an te vize Sedanius Tony, alyas « Pipi », lapolis prezante kòm chèf yon gwoup ame. Malgre sispèk la rive chape anvan arestasyon li, 5 lòt […]Lire plus...
Nan lis peyi k ap fè pati Gwoup Represyon Gang yo di k ap kontinye deplwaye Ayiti pou konbat teworis yo, ata peyi Bangladesh sou lis la. Yo gen yon gwoup polisye k ap prepare pou debake Ayiti pou vin fè ti kòb pa yo tou. Selon enfòmasyon yo, y ap tou antre ak kèk […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
