Nan lis peyi k ap fè pati Gwoup Represyon Gang yo di k ap kontinye deplwaye Ayiti pou konbat teworis yo, ata peyi Bangladesh sou lis la. Yo gen yon gwoup polisye k ap prepare pou debake Ayiti pou vin fè ti kòb pa yo tou. Selon enfòmasyon yo, y ap tou antre ak kèk materyèl.
Peyi pou Ayiti ta lonje lamen ba yo nan mond lan, se yo menm k ap pwopoze solisyon pou yon pwoblèm ki ka rezoud ant Ayisyen.





















