Nan vil Ench, plizyè sitwayen ak viktim kontinye denonse yon seri zak grav kote endividi ta antre lakay fanm, vyole yo epi vòlè afè yo. Plizyè ka deja fèt nan vil la, daprè temwayaj ak enfòmasyon k ap sikile nan plizyè medya lokal. Sitiyasyon an ap ogmante kè sote nan mitan popilasyon an, sitou pami fanm ki santi yo ekspoze nan pwòp kay yo. Viktim yo ansanm ak lòt sitwayen ap mande konkou lapolis pou ranfòse sekirite epi mete fen nan zak sa yo.
Pandan ka yo ap kontinye rapòte, popilasyon an ap mande otorite yo pran mezi prese pou pwoteje viktim yo epi anpeche lòt fanmi tonbe viktim ankò.













