De (2) sitwayen Kore di Sid ki te kidnape nan Pòtoprens depi 31 jiyè 2026 jwenn liberasyon yo, daprè Ministè Afè Etranjè Kore di Sid. Daprè otorite sidkoreyen yo, premye viktim nan te libere 18 dawout la pandan dezyèm nan te jwenn liberasyon li 1ye septanm. Ministè a konfime tou 2 sitwayen yo an sekirite e yo an bon sante. 2 moun yo se anplwaye yon konpayi koreyen k ap opere ann Ayiti. Otorite Kore di Sid yo te kolabore ak diferan patnè pou fasilite liberasyon yo.
Pou kounye a, Ministè Afè Etranjè Kore di Sid pa bay okenn detay sou kondisyon liberasyon yo, ni li pa presize si yon ranson te peye.













