Prezidan Ris la Vladimir Putin fè yon parèt nan yon gwo manifestasyon nan Moskou kote li fè lwanj pou sòlda li yo nan moman yo kontinye ap atake vil Ikrenyèn yo ak obi e misil. Plis pase 200,000 moun te reponn prezan nan stad Luzhniki a. Putin te monte sou sèn nan kote li li […]Lire plus...
Prezidan ameriken an, Joe Biden, pral lanse yon pinga bay tokay chinwa li Xi Jinping Vandredi. Sekrete d’Eta Anthony Blinken di ke si Lachin bay Larisi èd militè sa vle di li ap “sipòte agresyon Ris” kont Ikrèn. Joe Biden, pral pale avèk Prezidan chinwa a, Chi Zinping, vandredi 18 mas la sou lagè Larisi […]Lire plus...
Prezidan Ris Vladimir Putin te deklre Mèkredi ke operasyon militè li nan Ikrèn se yon “siksè”. Li di ke Moskou pa ta kite peyi sa a vin yon “tête de pont” pou vin prepare “aksyon agresif” kont Larisi. Pandan yon reyinyon gouvènman an ki te difize sou chèn televizyon, li te konpare tou lavalas sanksyon […]Lire plus...
Daprè otorite yo, bonbadman ris yo frape Kyèv byen bonè madi 15 mas la; pami yo gen youn ki fè dega nan yon konplèks apatman kote li touye 4 moun epi pwovoke yon dife ke anpil ponpye ak sitwayen sivil te prese mete ansanm pou yo touye. Majistra Kyèv la, Vitaly Klitschko, anonse yon kouvrefe […]Lire plus...
Barack Obama deklare Dimanch li teste positif pou COVID-19 e ke li santi’l byen eksepte ke gòj li grate’l. “Gòj mwen ap grate m depi kek jou, men apa sa mwen santi m byen,” Obama fè konnen sou kont Twitter ofisyèl li. “Michelle ave m nou kontan dèske nou vaksinen epi nou resevwa booster la […]Lire plus...
Apre desizyon Etazini ak Grann Bretay t pran pou sispann enpòte gaz nan men la LaRisi, presyon yo ap monte sou Chanselye alman an Olaf Scholz pou li te mete menm mezi sa yo kont Larisi. Lond mande Mèkredi pou tout peyi G7 yo pou yo swiv li. Yon gwoup militan chanjman klimatik Alman, akademisyen, […]Lire plus...
Aprè sanksyon peyi oksidanto yo pran kont Larisi, aprè envazyon l nan peyi Ikrèn, pri gaz la monte anpil a lechèl entènasyonal. Daprè « globalopetrolprices» Nan moman an gaz la pi chè nan Hong Kong kote pri galon an se 10,42 dola. Ayiti gaz la 2,39 dola, Repiblik Dominikèn 5,32, Etazini 7,72 dola. Gen 46 […]Lire plus...
Etazini kontinye make sere sere peyi Larisi. Prezidan Joe Biden entèdi madi 8 mas la enpòtasyon enèji ris nan peyi Etazini. « Petwòl ris la pap ka rantre nan pò ameriken yo », deklarasyon Prezidan Joe Biden nan yon diskou nan Mezon Blanch. Prezidan Biden deklare li pran desizyon sa an konsiltasyon ak peyi Ewopeyen yo, […]Lire plus...
Aprè Larisi fin atake Ikrèn jedi 24 fevrye pase a, Etazini vle mete tout pwa l nan balans lan, pou l ka izole Larisi. Nan sans sa, plizyè wo grade nan Depatman Deta ak Mezon Blanch fè yon vizit nan Karakas. Objektif vizit sa se pou kapab ranplase gaz Etazini konn achte nan men Larisi […]Lire plus...
Prezidan Vladimir Poutine deside aji kont tout peyi ki opoze ak Risi nan gè kont Ikrèn nan. Nan sans sa, maten lendi 7 mas, Moskou pibliye lis tout peyi ki nan lis sa. Kanada, Etazini, Japon, Kore, Swis, Monaco ak tout peyi Inyon ewopeyèn fè pati lis sa. Nan lis sila, tout peyi Larisi dwe […]Lire plus...






