Abelardo de Espriella, nouvo prezidan eli peyi Kolonbi, prevwa fèmen 14 anbasad, pami yo anbasad Peyi Kolonbi ki ann Ayiti a. Siksesè prezidan Petro a anonse mezi sa a paske li vle lajan sa yo antre pou vin ranfòse ekonomi peyi l ak sekirite enteryè.
Desizyon sa a ta dwe antre an vigè touswit apre Abelardo de Espriella fin prete sèman 7 dawout k ap vini la a.
N ap raple ant mwa jiyè 2021 pou rive jodi a, relasyon diplomatik ant Ayiti ak Kolonbi te fikse prèske sou asasina Jovenel Moïse.













