Jodi jedi 16 novanm nan, palmantè peyi Kenya yo vote pou 1000 polisye yo debake an Ayiti. Daprè medya peyi sa a, polisye yo ale nan sans redevans peyi yo a genyen anvè Nasyon Zini. Sèlman tout bagay poko fini nèt paske Lakou Siprèm peyi Kenya poko fini ak travay pa yo a. Se yon […]Lire plus...
Trump vini an tèt avèk 51% e Joe Biden an dezyèm avèk 48%. Sondaj sa a fèt sòti 30 oktòb pou rive 3 novanm e li fèt sou 6 Gran Eta kle yo kote moun yo di se Trump yo vle pou ekonomi amerikèn ka pi bon. Nan eleksyon k ap gen pou fèt Ozetazini […]Lire plus...
Ansyen prezidan ameriken an, deklare nan si l retounen prezidan Etazini, l ap lanse yon gwo operasyon depòtasyon nan kat kwen peyi a. Li di pou sa posib, l ap bay tout gad nasyonal ak fonksyonè Leta yo plen pouvwa pou arete epi bouskile tout migran ki ilegal sou tèritwa ameriken an. Trump di depi […]Lire plus...
Vladimir Mathurin ki gen 47 lane ak bofis li ki rele Chin Wai Mode 27 lane pèdi lavi yo nan Brooklyn/ New York, dimanch 29 oktòb la nan aswè vè 10 zè 30. Se yon vwazen ki vide bal sou 2 mesye yo aprè l te fin mande yo etenn yon mizik yo t ap […]Lire plus...
Divès benefisyè ki gentan ale Etazini nan kad pwogram Biden nan gen difikilte pou yo fè lisans pou yo kondwi machin. Se sitou nan Eta Indiana ka sa yo repete selon sa jounalis Luckson St Vil rapòte. Daprè sa kèk avoka nan zafè imigrasyon fè konnen, gen Eta Ozetazini migran ki vwayaje sou pwogram Biden […]Lire plus...
Ofisyèlman, Depatman Jistis Amerikèn « enkilpe » chèf gang kraze baryè a, Vitelhomme Innocent, pou wòl li te jwe nan anlèvman 2 sitwayen ameriken nan mwa oktòb 2022. Sou 2 resòtisan ameriken sa yo, gen Marie Odette Franklin malveyan yo te touye ak bal aprè sa, yo te kenbe Jean Franklin ki se mari Odette. […]Lire plus...
13 gason, 2 fanm ak 3 ti moun se kantite moun sa yo ki pèdi lavi yo nan yon aksidan sikilasyon ki fèt nan peyi Meksik jounen vandredi 6 oktòb sa a. Gen 27 lòt ki sòti blese e yo kouri avèk yo lopital an ijans. Bis ki te chavire a, daprè kèk medya li […]Lire plus...
Si samdi 29 la te rate, sanble tout bon vre, jounen lendi 2 oktòb sa a, dosye Ayiti a pral retounen nan konsèy sekirite Nasyon Zini an. Ekspè yo bay randevou pou aprè midi lendi sa a, apati 4è e daprè yon pwen nan ajannda a, yo gen pou diskite sou lèt Antonio Guterres te […]Lire plus...
Pandan prezidan ameriken an, Joe Biden, t ap louvri 78e Asanble Jeneral Nasyon Zini an, li mande konsèy sekirite a pou pran desizyon pou voye fòs miltinasyonal la an Ayiti. An menm tan, lokatè Mezon Blanch lan te pwofite felisite peyi Kenya pou desizyon li pran pou dirije fòs sa a. Ayiti ap plonje nan […]Lire plus...
Jill Biden, Premye dam ameriken an teste pozitif ak kowona viris la daprè enfòmasyon ki sòti nan Mezon Blanch. Premyè dam nan ki gen 72 rekòt kafe sou tèt li prezante kèk sentom men daprè espesyalis yo, li rete lakay li. Joe Biden pa gen anyen li menm. Sa gen kèk mwa depi Joe Biden […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
