Sis (6) kongresmann ameriken retounen ekri prezidan ameriken an, Joe Biden pou retounen eksprime l kè kase yo genyen sou dosye zam k ap pase pa Sendomeng pou antre an Ayiti yo. Senatè sa yo fè konnen se yon zak ilegal e li ede bay jarèt ak ensekirite a an Ayiti paske Sendomeng gen enterè nan ensekirite ki gen Ayiti a, selon senatè sa yo.
Senatè sa yo ki rekonfime pozisyon sa a kont Sendomeng nan se Edward J. Markey, Elizabeth Warren, Bernard Sanders, Raphael Warnock, Jhon Hickenlooper ak Chris Van Hollen.