« Homeland Security Investigations » (HSI) ap chache bon jan enfòmasyon sou Michael Karl Geilenfeld ki deja ap koukouman dèyè kat miray nan peyi Etazini. Misye te konn madouyèt ti gason nan peyi d Ayiti sòti lane 2006 pou rive 2010. HSI mande si gen moun ki gen detay sou towo sa a, kontakte yo nan 2229-8556 osinon 877-4HSITIP(877-447-4847.
Michael Karl Geilenfeld te gen yon òfelina nan peyi d Ayiti kote li toujou pran plezi kouche minè ladan l.