Rafy Joel Peralta Holguín, aktyèl vis-konsil dominiken an Ayiti gen yon manda rale mennen vini dèyè l akoz li fè kadejak sou yon minè ki gen mwens ke 16 lane, daprè Listin Diario. Misye vyole ti fi a nan yon zòn ki rele Mata Larga nan vil San Francisco de Macorís. Nimewo manda otorite nan […]Lire plus...
Aprè 2 èdtan li pase depi jij Merlan Belabre ap tande l, ansyen depite Enri a, Cholzer Chancy jwenn liberasyon l jounen mèkredi 27 mas la. Cholzer Chancy gentan pase 2 mwa nan prizon nan kad dosye rapò ULCC te rann piblik sou materyèl CNE yo. Se jij Al Duniel Dimanche ki te arete Cholzer […]Lire plus...
Nan yon vòl Sunrise, ayè lendi 25 mas la, Emmélie Prophète Milcé, ansyen minis Jistis ak Jean Victor Généus ki te minis Zafè Etranjè retounen nan peyi a aprè yon mwa yo pase nan mawon. Lè yo rive Okap, machin vin depoze yo Mòn Kabrit e yon blennde pran yo vin antre Pòtoprens. Kanta minis […]Lire plus...
Fanmi Lavalas ak Montana panse yo t ap ka rafle eleksyon ki te prevwa pou fèt ayè lendi a vè 8è nan aswè. Avan 8è a rive, yo sispèk kan anfas la se 2 kandida ase y ap voye, sa ki ta pral fè yo pèdi eleksyon an, yo tou mawon. Yo pran pretèks ekri […]Lire plus...
Akoz non l ki site nan eskandal lajan Petwo Karibe a, René Jean Jumeau ki te reprezante platfòm politik REN nan Konsèy Prezidansyèl la remèt demisyon l. Sou gwoup WhatsApp Konsèy Prezidansyèl la, li ekri rès ekip la pou l di yo li p ap ka rete aprè konsiltasyon ak ekip li a. Li eskize […]Lire plus...
Desizyon Gouvènman Dominiken an te pran ki te di Ayisyen ki rezide nan lòt peyi e ki gen yon paspò Ayisyen ki bloke an Ayiti nan moman sa a p ap tap ka pase lakay yo a chanje. Daprè enfòmasyon jounal Listin Diario bay, se sèvis imigrasyon Repiblik Dominikèn ki pran mezi sa a jodi […]Lire plus...
Ekip Montana a, Lavalas ak alye yo pa mete pye nan eleksyon an ki te dwe fèt aswè a a 8è. Si nan yon premye tan yo te mete l pou 10è aswè a, yon lòt desizyon pran kote yo kite l pou demen madi 25 mas la vè 3è nan laprè midi. E gen […]Lire plus...
Pi fò manm yo kandida. Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Edgard Leblanc Fils ak Fritz Alphonse Jean. Eleksyon sa a prevwa pou 8è nan aswè lendi 25 mas la. Gen yon reyinyon nan mitan jounen an kote mesye yo ap travay sou yon dokiman k ap bay fason konsèy la dwe fonksyone. Touswit aprè reyinyon […]Lire plus...
Devan manman l, lakay li nan Lilavwa 29, nèg ak zam antre pran Fred Hercules Guerrier. Jenn batè a gen sèlman 16 lane e li se mizisyen legliz Batis Lilavwa 23. Ravisè yo deja kontakte fanmi an e yo mande 50 mil dola ameriken. Fanmi an ki enkonsolab e ki p ap jwenn lajan sa […]Lire plus...
Aprè Dominique Dupuy fin retire kò l nan konsèy prezidansyèl la, RED/EDE/Konpwomi Istorik chwazi voye Anbasadè Smith Augustin, yon tip ki gen yon gwo pakou akademik ak diplomatik. Smith Augustin se ansyen anbasadè Ayiti an Repiblik Dominikèn sòti 2020 pou rive 2022. Gen yon lèt ki deja al jwenn Caricom pou anonse l yo ranplase […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]