2 moun mouri anba bal, pami yo biznismann Garry Modelus ak Donaldson Joseph, pandan Wannik Jean Silné blese grav nan yon atak ame nan sant vil Ansapit, nan Sidès. Daprè enfòmasyon yo, se 3 dominiken ki te sou yon motosiklèt ki louvri kout zam sou viktim yo. Premye eleman ankèt yo fè kwè atak la […]Lire plus...
Anviwon 60 Ayisyen arete pandan yon seremoni vodou nan vil Santiago, nan Repiblik Dominikèn, nan kad yon operasyon lannwit ajan Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) te mennen. Daprè medya dominiken Informate RD Noticias, operasyon an te fèt nan yon lokal kote gwoup la te reyini. Imaj ki sikile yo montre ajan migrasyon yo k ap antre […]Lire plus...
Me Caleb Jean-Baptiste toujou nan men bandi yo men Direktris jeneral Biwo Nasyonal Patenarya nan Edikasyon (ONAPE), Stéphanie Paultre, jwenn liberasyon li dimanch 8 novanm 2026, dapre plizyè sous. Yo te kidnape li ansanm ak avoka Me Caleb Jean-Baptiste, 7 septanm pase a, nan lokalite Lakwa Peris, nan komin Gwo Mòn, depatman Latibonit. Yo tou […]Lire plus...
Ministè Ekonomi ak Finans raple tout eksplwatè kazino, pari ak bank bolèt yo prensip ak règleman ki dwe gouvène sektè sa a. Nan yon avi ofisyèl ki pibliye vandredi 6 novanm 2026 la, MEF fè konnen se sèlman Direksyon Jeneral Enpo ki gen otorizasyon pou kolekte dwa, taks ak frè lisans nan men operatè sa […]Lire plus...
Direksyon Jeneral Enpo anonse li kolekte yon montan 9.2 milya goud pandan mwa oktòb 2026 la. Dapre yon nòt ki pibliye vandredi 6 novanm 2026 la, enstitisyon an prezante chif sa a kòm pi gwo montan li janm ranmase nan listwa li. Montan sa a depase objektif mansyèl DGI te fikse a, ki te 8.7 […]Lire plus...
Enfòmasyon sa a pa yon sekrè pou pèsonn ankò. Plizyè moun dekouvri chèf teworis la nan komin Kafou kote l a kache lakay Krisla. Se tout kriminèl ki te nan plèn nan sitou Bon Repo ak Kwadèboukè ki ale kache nan Kafou selon sa Ayibo Post rapòte. Prezans militè salvadoryen yo twouble Viv Ansanm jouk […]Lire plus...
Mathias, chèf gang site Boston nan komin Site Solèy pa gen lavi ankò. Aprè l te fin viktim anba dwón kamikaz ki te tonbe jedi 5 novanm nan sou komin Site Solèy, l al bwè dlo bouch li Kanaran, kote l t ap resevwa swen. Alix Didier Fils-Aimé fè yon tweet pou l di “yon […]Lire plus...
Se sibstiti komisè Accel Trofort Ministè Jistis nome pou ranplase komisè Jean Ernest Muscadin nan pòs li a. Nominasyon nouvo komisè a fèt menm moman ak lèt ki akize resepsyon demisyon ansyen chèf pakè Miragwàn nan. Mèt Accel Trofort te toujou al travay bò kote komisè Muscadin e jodi a se li menm ki ranplase […]Lire plus...
Atoufè yo kidnape jèn etidyan Cédrick Antoine depi 26 oktòb 2026, nan moman li t ap antre Pòtoprens e jiskaprezan li nan men bandi yo. Prèske de semèn apre disparisyon li, plizyè jèn ki soti nan vil Ench lan leve vwa yo pou mande liberasyon li. « Libere Cedrick », se apèl yo lanse. Antoine […]Lire plus...
Pandan plizyè katye nan Okap ap fè fas ak yon pwoblèm salte ki pèsistan, otorite yo chwazi mete resous nan òganizasyon premye Fwa Dyaspora a, 6 ak 7 novanm 2026 la. Yon desizyon ki soulve kesyon sou fason Leta ak responsab lokal yo defini priyorite yo, pandan fatra, labou ak dlo sal kontinye anvayi espas […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
