Mathias, chèf gang site Boston nan komin Site Solèy pa gen lavi ankò. Aprè l te fin viktim anba dwón kamikaz ki te tonbe jedi 5 novanm nan sou komin Site Solèy, l al bwè dlo bouch li Kanaran, kote l t ap resevwa swen. Alix Didier Fils-Aimé fè yon tweet pou l di “yon chèf gang an mwens”. Mathias te viktim dwón kamikaz pandan l te nan machin li.
Depi dwón ap tonbe nan peyi a, se premye fwa yon gwo teworis vale akdenesans li.













