Mathias, chèf gang site Boston nan komin Site Solèy pa gen lavi ankò. Aprè l te fin viktim anba dwón kamikaz ki te tonbe jedi 5 novanm nan sou komin Site Solèy, l al bwè dlo bouch li Kanaran, kote l t ap resevwa swen. Alix Didier Fils-Aimé fè yon tweet pou l di “yon […]Lire plus...
Se sibstiti komisè Accel Trofort Ministè Jistis nome pou ranplase komisè Jean Ernest Muscadin nan pòs li a. Nominasyon nouvo komisè a fèt menm moman ak lèt ki akize resepsyon demisyon ansyen chèf pakè Miragwà n nan. Mèt Accel Trofort te toujou al travay bò kote komisè Muscadin e jodi a se li menm ki ranplase […]Lire plus...
Atoufè yo kidnape jèn etidyan Cédrick Antoine depi 26 oktòb 2026, nan moman li t ap antre Pòtoprens e jiskaprezan li nan men bandi yo. Prèske de semèn apre disparisyon li, plizyè jèn ki soti nan vil Ench lan leve vwa yo pou mande liberasyon li. « Libere Cedrick », se apèl yo lanse. Antoine […]Lire plus...
Pandan plizyè katye nan Okap ap fè fas ak yon pwoblèm salte ki pèsistan, otorite yo chwazi mete resous nan òganizasyon premye Fwa Dyaspora a, 6 ak 7 novanm 2026 la. Yon desizyon ki soulve kesyon sou fason Leta ak responsab lokal yo defini priyorite yo, pandan fatra, labou ak dlo sal kontinye anvayi espas […]Lire plus...
Prezidan Bukele mande pou kay Lanmò San Jou, pandan l ap reyaji sou yon piblikasyon ki montre Palè Nasyonal la ki rete kraze depi tranblemanntè 2010 la ak yon kay gang ki parèt byen konstwi. Nan yon mesaj li pibliye sou kont X li, Bukele mande kote kay la ye epi li ekri: “Ban nou […]Lire plus...
Komisè Jean Ernest Muscadin kite pakè Miragwà n nan finalman. Nan yon lèt Ministè Jistis pibliye, yo di komisè a yo jwenn lèt demisyon li an ki date 29 oktòb 2026 pandan ministè a pwofite remèsye l pou bon travay li founi nan jiridiksyon li an. Komisè a demisyone pou l ka fasilite pwosesis enskripsyon li […]Lire plus...
John Colem Morvan fè fas ak yon nouvo kondanasyon nan peyi aprè Lakou Siperyè Kebèk la te rann yon desizyon kont li nan yon dosye difamasyon ki te enplike Wendy Phele. Nan yon jijman ki date 26 jen 2026, tribinal la kondane Morvan pou l peye 46 000 dola kanadyen kòm dedomajman ak penalite pou […]Lire plus...
Prezans sòlda salvadoryen yo an Ayiti jwenn yon siy sipò nan vil Jeremi, kote plizyè santèn moun manifeste jodi vandredi 6 novanm 2026 la pou eksprime solidarite yo ak militè El Salvador yo. Kote yap fè plizyè deklarasyon tankou: Depiw pa lan lari ou se alye gang. Manifestan yo te pran lari nan vil la […]Lire plus...
Matyas blese gravman grav yèswa aprè fòs lòd yo fin lage yon dwón sou machin misye te ye a. Selon enfòmasyon k ap sikile, chèf gang nan twouve l ant lavi ak lanmò menmsi li lopital pou kounye a. Bandi ki nan antouraj teworis sa a vrèman enkyè pou li. Machin li te ladan l […]Lire plus...
Plizyè dwón kamikaz tonbe sou komin Site Solèy nan sware jedi 5 novanm 2026 la. Selon enfòmasyon k ap sikile, fòs lòd yo te gen kontwòl yon gwoup gang ki t ap fè aktivite nan zòn sa yo. Gen moun ki abite trè lwen tankou Kafou, Boudon ak Dèlma ki tande bri dwón sa yo […]Lire plus...
