Plizyè dwón kamikaz tonbe sou komin Site Solèy nan sware jedi 5 novanm 2026 la. Selon enfòmasyon k ap sikile, fòs lòd yo te gen kontwòl yon gwoup gang ki t ap fè aktivite nan zòn sa yo. Gen moun ki abite trè lwen tankou Kafou, Boudon ak Dèlma ki tande bri dwón sa yo nan komin nan. Se anviwon 7 fwa yo lage yo sou zòn kote kriminèl yo ye a. Poko gen bilan ofisyèl ki bay sou sa men gen temwen ki di dega yo konsiderab.
Itilizasyon dwón kamikaz yo kont gang yo bay ti rezilta men se pa nan nivo popilasyon an espere l la.













