Matyas blese gravman grav yèswa aprè fòs lòd yo fin lage yon dwón sou machin misye te ye a. Selon enfòmasyon k ap sikile, chèf gang nan twouve l ant lavi ak lanmò menmsi li lopital pou kounye a. Bandi ki nan antouraj teworis sa a vrèman enkyè pou li. Machin li te ladan l kraze nèt aprè taks fòs la ak Lapolis fin lage dwón nan sou li.
Pou kounye a, poko gen twòp detay sou ki kote yo mennen l lopital la men li posib pou se nan fyèf gang Kanaran an li ye.













