Ministè Ekonomi ak Finans raple tout eksplwatè kazino, pari ak bank bolèt yo prensip ak règleman ki dwe gouvène sektè sa a. Nan yon avi ofisyèl ki pibliye vandredi 6 novanm 2026 la, MEF fè konnen se sèlman Direksyon Jeneral Enpo ki gen otorizasyon pou kolekte dwa, taks ak frè lisans nan men operatè sa yo, epi li dwe bay yon resi ofisyèl pou chak peman. Dapre ministè a, dekrè ki te pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur nan dat 21 out 2026 la te kreye Otorite Nasyonal Jwèt aza ak Lajan (ANJHA), ki gen responsablite pou kontwole ak reglemante aktivite sektè sa a.
Atravè mezi sa yo, ministè a vle mete plis lòd nan sektè jwèt aza a, pandan l ap chèche konbat blanchi lajan ak finansman tewor













