30 moun mouri, 20 lòt disparèt e gen 20 moun ankò ki blese daprè pwoteksyon sivil. Depatman Lwès pou tèt pa l ki pat menm sou alèt wouj anrejistre 23 nan 30 kadav yo daprè direktè jeneral pwoteksyon sivil la, Emmanuel Pierre. Entèdiksyon alèt wouj la leve e entèdiksyon pou moun pran lanmè a leve tou selon responsab yo.
Gen plizyè lòt dega ki anrejistre paske gen wout ki koupe ak jaden ki devaste.





















