Bedjine ak K-dilak, a yo 2 a, ranpòte 8 twofe sou kontinan Afriken an ane sa a. Yo pran Music Video Africa Awards 2025 ki fèt Lagos an Nijerya, Zikomo Africa Awards nan peyi Zanbi. K-dilak pran pri pou bon otè-konpozitè Zikomo ane a alòske Bedjine sou bò pa l pran Best ZIKOMO Afro-Caribbean Artist of the Year 2025 ak Best Vocal Artist. Mesye dam yo pran tou pri Duo of the Year.
Bedjine ak K-dilak kontinye enpakte anpil moun atravè tèks ak kolaborasyon mizikal yo.




















