Alix Didier Fils-Aimé fè anpil pwomès ki pa chita sou anyen pandan l te fè dènye adrès li ak nasyon an 7 fevriye 2026 nan aswè. Li sou 13 jou la a, poko gen okenn sinyal ki voye. Se toujou menm tentennad lè l te la ak KPT a. Okontrè, nan komin Dèlma, gen yon kidnaping k ap pran yon elan serye. Prèske chak jou yon omwen moun viktim.
Okenn sitwayen poko remake sinyal PM defakto a voye pou mate ensekirite sa a.





















