De (2) teknisyen konpayi telefòn Natcom pèdi lavi yo sou sit Kenskòf la pandan yo t al mete gaz nan antèn yo gen nan tèt mòn nan. Gen yon lòt ki blese grav k ap pran swen lopital. Selon enfòmasyon nou dispoze, se kriminèl k ap bay pwoblèm anlè a depi pliske yon lane ki touye teknisyen sa yo.
Se vre lapolis ap frape bandi yo men yo toujou gaye nan divès kwen anndan komin Kenskòf.





















