Bertho Casséus, majistra Gresye manke kite po l ayè mèkredi 12 dawout 2026 la pandan l te nan yon aktivite netwayaj ak manm popilasyon an nan komin nan. Yo akize kriminèl ki fè pati 103 zonbi yo nan atak sa a. Aprè ensidan sa a, te gen gwo afwontman ant Lapolis ak teworis yo nan komin nan jiska byen ta nan aswè.
Poko gen bilan ofisyèl ki bay sou sa k pase a pou konnen si gen moun ki viktim.













