Bandi krible ak bal 2 enjenyè, ayè madi 23 fevriye a, nan moman yo t ap sot fè yon tranzaksyon labank sou zòn Lali, nan avni John Brown. Youn mouri sou plas, lòt la ale lopital nan yon eta kritik.
Idantite jenn gason yo pa revele, toutfwa youn nan yo ta nan 4èm ane nan Fakilte syans, nan Inivèsite Deta Dayiti (UEH).
Aprè yo fin komèt zak la, malfra yo te tou pwofite sove ak yon valiz ki te anndan machin 2 viktim yo, san gwo difikilte.
Pooshy Rosana