Bandi kidnape yon machann sosis epi egzije 800 000 dola ameriken pou libere l

haitinewstv.com

Bandi kidnape yon machann sosis epi egzije 800 000 dola ameriken pou libere l

Bandi ak zam kontinye fè lwa yo nan kapital la. Pa gen yon jou ki pase pou plizyè ka kidnapin pa anrejistre nan zòn metwopolitèn nan. Nan lannwit dimanch 6 desanm nan, bandi ak zam kidnape Magdala Louis ki t ap sòti nan yon gradyasyon, daprè fanmi an.

Ravisè yo te mande 1 milyon dola nan yon premye tan pou libere dam nan. Aprè yo deside retire ladann. Yo mande fanmi an 800 000 dola ameriken pou libere Magdala.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn ekip Haïti News lan, Magdala Louis pa gen ni manman ni papa. Li p ap viv ak mari l; li gen yon grenn pitit. Pou l te chèche lavi li te konn boukannen sosis epi l te gen yon bak sirèt nan yon premye tan.

Magdala Louis se yon moun k ap bat dlo pou fè pou l viv. Depi ayè swa dlo paka seche nan je fanmi an ki pa gen ni rele, ni reponn, ki pakab reponn ak bezwen bandi yo.

Fas ak sitiyasyon sa, plizyè sitwayen te deside bloke Nazon ak plizyè zòn nan anviwon an pou mande otorite konsène yo fè yon bagay pou yo.

N ap raple zak kidnapin tèlman fèt ak repetisyon anndan peyi a, li rantre nan kotidyen ayisyen. Yon bagay ki tankou lanmò, kote pèsòn isi ba pa enpanye.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Viv Ansanm sapata lokal jounal “Le Nouvelliste” la nan Pòtoprens

Pi ansyen kotidyen peyi d Ayiti a, Le Nouvelliste pase anba kòlè kriminèl ak zam yo ki twouve l nan

Konsèy Prezidansyèl la prete sèman

Anpil moun te panse se nan Vila d Akèy la Konsèy Prezidansyèl la t ap prete sèman, se rete yo

Viv Ansanm di si yo pa jwenn nan manje a,

Pòt pawòl kowalisyon gang ki rele Viv Ansanm nan, Babekyou nan yon deklarasyon fè konnen fòk yo dyaloge avèk yo.

Konsèy la ka enstale jedi 25 daprè Lesly Voltaire

Se Lesly Voltaire menm, reprezantan Lavalas nan Konsèy Prezidansyèl la e kandida pou prezidan ki pataje sa ak laprès. Li

Yon avyon militè ameriken debake an Ayiti an granmoun

Maten madi 23 avril sa a, gen yon avyon militè ameriken ki ateri nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti. Daprè enfòmasyon

Contact Us