Premye minis Joseph Jouthe anonse sou kont “Twitter” li bandi ak zam atake 2 patwouy Swat nan zòn Vilaj de Dye ak Gran Ravin ak yon lòt patwouy polis administratif nan zòn Dèlma.
“Lapolis pran atak sa yo o serye epi ap reyaji. M ap mande tout moun rete vijilan”, deklarasyon lokatè Primati a.
Daprè Premye minis lan, gwoup endividi ame jouk nan dan sa yo, fè pati gang G9 an fanmi ak alye. Yo atake mesye polisye Swat yo jodi jedi 3 novanm 2020 an.
N ap raple sa fè kèk mwa depi bandi ak zam fin federe anndan peyi a. Yo bay lapolis bout tèren. Kote gen kek zòn nan peyi a se bandi ki kontwòle yo epi deside kilè w dwe viv, kilè w dwe mouri.
Jeff Jean Joseph