2 nèg ak zam yo pa rive idantifye kidnape yon jenn fi, Bianca Gauthier, nan moman li t ap sòti nan yon restoran ki vann pwason nan Santo, sou wout Bon Repo, bò 6 zè nan aswè.
Nan moman zak la malfwa yo te tou pwofite ale ak machin viktim lan, yon Nissan ki gen plak BB 42974, daprè Monalisa, ki se gran sè Bianca. Daprè enfòmasyon yon pwòch fanmi an bay, ravisè yo mande 150.000 dola ameriken pou libere jèn fi a.
Monalisa rapòte, kidnapè yo anlve Bianca Gauthier apenn li te sot vizite biznis yon asosye l nan menm domèn lan.
Alòske fèt fen dane yo ap pwoche ensekirite a pa sispann vale teren nan tout rakwen, kote ka kidnapin ak zak asasina yo kontinye ap simaye perèz, latristès ak dèy nan mitan fanmi ayisyèn yo.
Jeff Jean Joseph