Selon enfòmasyon k ap sikile, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ta chwazi yon regwoupman politik ki rele Debloke avèk objektif pou l ta kandida nan pwochèn eleksyon k ap gen pou òganize nan peyi a. Alòske lis final gwoupman ak regwoupman pati politik yo poko pibliye, gen anpil estrateji ki deja ap mete sou pye pou pati kèk lòt pati politik yo kontinye fè fizyon.
Kesyon k ap poze nan peyizaj politik se èske PHTK p ap egziste ankò kòm pati politik.













