Day: <span>August 4, 2026</span>

Ayiti eleksyon: Michel Martelly sanble chanje kan

Selon enfòmasyon k ap sikile, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ta chwazi yon regwoupman politik ki rele Debloke avèk objektif pou l ta kandida nan pwochèn eleksyon k ap gen pou òganize nan peyi a. Alòske lis final gwoupman ak regwoupman pati politik yo poko pibliye, gen anpil estrateji ki deja ap mete sou pye […]Lire plus...

Trafik zam: yon ansyen polisye ayisyen plede koupab Ozetazini

Jean Robert Casimir yon ansyen polisye ayisyen ki natiralize ameriken plede koupab jounen madi 4 out 2026 la devan yon tribinal federal ameriken pou plizyè chèf akizasyon ki gen pou wè ak trafik zam ak minisyon. Selon lajistis amerikèn, Casimir rekonèt li te nan yon konplo ki te fasilite anviwon 140 zam ilegal sòti Etazini […]Lire plus...

Alix Didier Fils-Aimé enskri nan rejis elektoral la

Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé debake nan Lise Petyonvil jounen madi 4 dawout 2026 la pou l al enskri non l sou rejis elektoral la. Selon primati, sa premye minis la fè a se yon siy pou ankouraje tout sitwayen ki gen yon kat idantifikasyon nasyonal ki valid al enskri nan rejis elektoral la, […]Lire plus...

Aprè blesi li a, Izo te pran swen nan yon

Nan lane 2025, aprè yon atak dwón, chèf teworis Izo 5 segond k ap dirije Vilaj de Dye te pase plizyè mwa lopital. Selon yon ankèt Ayibopost, se nan yon lopital Kafou chèf gang nan te resevwa swen aprè atak sa a. Se pat sèlman kriminèl sa a ki te viktim men gen anpil lòt […]Lire plus...

Lapolis konfime arestasyon Laurie Ti Kreyòl Djab

Lapolis Nasyonal d Ayiti konfime arestasyon Laury Lacombe alyas “Ti Kreyòl djab” nan kad yon ankèt k ap mennen sou relasyon tiktokèz la ak Ralph Woodmyr Louissaint alyas “Chalè” youn nan chèf teworis k ap kraze Ayiti yo. Nan kominike li a, PNH la fè konnen ankèt sa a ap kontinye pou yo kapab detèmine […]Lire plus...

Contact Us