Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé debake nan Lise Petyonvil jounen madi 4 dawout 2026 la pou l al enskri non l sou rejis elektoral la. Selon primati, sa premye minis la fè a se yon siy pou ankouraje tout sitwayen ki gen yon kat idantifikasyon nasyonal ki valid al enskri nan rejis elektoral la, sa ki pral pèmèt yo vote kòmsadwa nan pwochen eleksyon yo.
Selon deklarasyon premye minis la, se sou wout eleksyon peyi a ye e p ap gen kanpe.













