Pandan plizyè dizèn lane, Ayiti ak Repiblik Dominikèn te toujou konsidere kòm 2 peyi ki pataje menm zile ak prèske menm listwa. Poutan, reyalite jodi a montre yon gwo diferans ant 2 nasyon sa yo. Repiblik Dominikèn rive kenbe yon kontinite enstitisyonèl, òganize eleksyon regilyèman, devlope ekonomi li atravè sektè tankou touris, envestisman nan agrikilti ak resous minyè, elatriye. Se yon peyi k ap pran bon jan chemen pou developman.
Pandan tan sa a, Ayiti ap fè fas ak yon kriz politik, ensekirite, feblès enstitisyon yo ak gwo difikilte ekonomik. Absans estabilite ap ralanti devlopman peyi a





















