redacteur 1

Minis Stéphanie Smith enskri nan Rejis Elektoral la

Minis Touris la, Madam Stéphanie Smith enskri tèt li nan Rejis Elektoral la mèkredi 12 out 2026, nan Sant Enskripsyon ak Vòt ki nan Lise Petyonvil, nan kad pwosesis elektoral Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) lanse, an akò ak angajman Gouvènman an pou òganize eleksyon nan peyi a ane sa a. Minis la vle bay egzanp […]Lire plus...

Ayiti te siyen yon kontra 420 mil dola pou lobbying

Daprè dokiman ki depoze nan Depatman Jistis Etazini, gouvènman ayisyen an te siyen yon kontra 420,000 dola ak konpayi ki rele Continental Strategy LLC pou sèvis defans enterè ak lobbying nan Washington. Kontra a prevwa yon frè 35,000 dola pa mwa pandan 12 mwa. Konpayi an gen pou misyon reprezante enterè Ayiti devan responsab ak […]Lire plus...

Gresye : yon nouvo komisarya pran dife aprè atak mesye

Nouvo lokal komisarya a nan komin Gresye sibi yon atak mèkredi 12 dawout la, nan yon kontèks tansyon kote kriminèl yo ak fòs lòd yo te livre plizyè echanj kout zam. Selon enfòmasyon ki disponib yo, gang yo ta rive pran avantaj sou sitiyasyon an pou fè fòs lòd yo fè bak epi pran kontwòl […]Lire plus...

Bandi tire sou machin majistra Gresye a

Bertho Casséus, majistra Gresye manke kite po l ayè mèkredi 12 dawout 2026 la pandan l te nan yon aktivite netwayaj ak manm popilasyon an nan komin nan. Yo akize kriminèl ki fè pati 103 zonbi yo nan atak sa a. Aprè ensidan sa a, te gen gwo afwontman ant Lapolis ak teworis yo nan […]Lire plus...

Peyi Lafrans nome yon nouvo anbasadè an Ayiti

Emmanuel Macron, prezidan Lafrans, nome Gautier Lekens kòm nouvo anbasadè ekstraòdinè ak plenipotansyè pou reprezante Repiblik Fransèz la nan peyi d Ayiti. Nominasyon sa a fèt daprè yon dekrè ki pote dat 10 dawout 2026. Li pral ranplase nan pòs sa a ansyen anbasadè Antoine Michon. Gautier Lekens se yon administratè Leta ki nan dezyèm […]Lire plus...

Fon Nasyonal Edikasyon gen yon nouvo direktè jeneral

Aprè konsèy minis ki òganize madi 11 dawout 2026 la, Jefnie Toussaint vin nouvo Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon (FNE). Li ranplase nan pòs sa a Elysée Collagène ki pa pase anpil tan nan tèt FNE. Jefnie se pwofesè inivèsite, sitou nan Inivèsite Nòtredam d Ayiti ki nan Gonayiv. Jefnie nome nan pòs sa a […]Lire plus...

Sidès: Moustapha Gérôme anba kòd pou vyòl

Ajan Biwo Vyolans Baze ou Jan (VBG) nan depatman Sidès peyi a arete Moustapha Gérôme alyas “Mouskèmpwòp” madi 11 out pase a pou vyòl. Selon lapolis, viktim nan ki se yon kòmèsan di Moustapha te rele l pou l al vann machandiz lakay li e se nan menm moman sa a li sibi vyolans seksyèl […]Lire plus...

Contact Us