redacteur 1

Ayiti prezan nan Miss World 2026

Marie Kemlyne Lestalie Félix al reprezante Ayiti nan peyi Vyetnam nan kad 75e edisyon Miss World. Se ayè madi a reprezantant ayisyèn nan te debake, kèk èdtan avan lansman ofisyèl konpetisyon an. Mis Ayiti 2026 la ap gen pou l patisipe nan divès aktivite. N ap raple konkou Miss Ayiti ki bay Marie Kemlyne Lestalie […]Lire plus...

Lapolis ap fasilite kandida pou eleksyon yo jwenn sètifika polis

PNH la, atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè anonse pou tout kandida pou pòs prezidan, depite, senatè, kazèk, azèk elatriye k ap bezwen sètifika polis, yo dwe pase fè l nan DCPJ si yo nan Lwès. Kanta lòt potansyèl kandida ki nan lòt depatman yo, yo kapab pase reklame pyès sa Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ). […]Lire plus...

Cristiano Ronaldo marye ak Georgina Rodriguez

Seremoni an òganize an prive nan vil Cascais nan peyi Pòtigal jounen madi 11 dawout 2026 la. Selon medya The Sun, seremoni an te dewoule nan yon anviwònman entim an prezans 5 pitit koup la deja genyen ansanm yo. Se atravè yon bag yo afiche sou rezo sosyal yo ki pral kofime Ronaldo ak Georgina […]Lire plus...

Palè Nasyonal raple 2 jou ferye pou mwa dawout la

Sekretarya Palè Nasyonal anonse vandredi 14 ak samdi 15 dawout 2026 ap ferye sou tout tèritwa nasyonal la. Si 14 la ap make jounen Bwa Kayiman ak Inyon pou Libète, 15 dawout se ap Asonpsyon. Yo raple dat sa yo pa rapò ak dekrè 11 desanm 2024 la. Daprè nòt la, tout aktivite komèsyal, endistriyèl […]Lire plus...

Bilan tranbleman tè a monte nan Kolonbi

Plis pase 130 moun pèdi lavi yo pandan plizyè santèn lòt blese, gen ladan yo ki grav aprè goudougoudou ki frape peyi Kolonbi ayè lendi 10 dawout 2026 la. Bilan sa a rete pwovizwa pandan sekouris yo kontinye ap bouske moun ki ta anba dekonb oubyen ki disparèt. Gen anpil dega materyèl ki anrejistre nan […]Lire plus...

Ayiti kalifye pou Jeux Panaméricains 2027 yo

Ayiti pral reprezante nan “Jeux Panaméricains 2027” yo e se seleksyon U-20 an ki prale. Jwèt sa yo pral dewoule nan peyi Pewou selon a Concacaf la poste sou kominke kalifikasyon an. Se 3 pi bon peyi Concacaf yo nan kategori foutbòl nan rejyon an ki prale: pou Amerik Nò se Meksik, Amerik Santral se […]Lire plus...

Contact Us