Pou pi piti 22 moun pèdi lavi yo nan peyi Kolonbi aprè yon tranblemantè manyetid 7.4 fin frape peyi a maten lendi 10 dawout la. Gen anpil blese ki denonbre tou selon sa otorite yo rapòte. Gen plizyè vil ki sibi gwo domaj aprè dram sa a.
Otorite fè konnen operasyon sekou yo ap kontinye pandan yo kwè bilan viktim yo kapab ogmante.





















