Kriminèl ki nan gang Taliban yo atake komin Akayè vè 11è nan maten dimanch 9 dawout sa a. Selon enfòmasyon yo, atak sa a te dire yon bon tan pandan polisye ki te sou plas t ap mande ranfò. Teworis yo fè atak la sou sou 2 flan e nan zòn Bercy, gen yon chofè kamyon ki pèdi lavi l. Pa ko gen yon bilan definitif sou sa ki pase sofke yo fè dega.
Popilasyon an, menm jan ak anpil lòt kote avan toujou ap ret tann repons fòs lòd yo pou pote yo sekou.





















