PNH la, atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè anonse pou tout kandida pou pòs prezidan, depite, senatè, kazèk, azèk elatriye k ap bezwen sètifika polis, yo dwe pase fè l nan DCPJ si yo nan Lwès. Kanta lòt potansyèl kandida ki nan lòt depatman yo, yo kapab pase reklame pyès sa Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ).
N ap raple kandida pou pwochen eleksyon yo gen anpil pyès KEP a egzije pou yo genyen.





















