Plizyè fanmi ayisyen nan kominote Mosquita ki nan minisipalite San Victor pèdi byen yo apre rezidan dominiken ki nan zòn sa yo mete dife lakay yo. Depi 4 dawout 2026, yo te dekouvri kadav yon sitwayen dominiken ki rele José Castillo Bello e yo te akize yon ayisyen ki te konn travay avèk li nan lanmò l. Akoz anpil tansyon, jounen dimanch 9 dawout la, yo dechèpiye byen konpatriyòt sa yo epi mete yo deyò.
Selon kèk medya dominiken, yo lage matla, mèb, televizyon, frizè, tab ak lòt byen moun yo nan lari epi kole dife ladan yo.





















