redacteur 1

Gouvènman Didier pa pran tan pou remonte gaz la

Selon Ministè Finans ak Ministè Kòmès, nouvo pri pwodui petwolye yo fikse konsa sou mache lokal la: 700 goud pou yon galon gazolin, 770 goud se nouvo pri dizèl la epi 765 goud pou kewozèn. Nouvo pri sa yo dwe antre an vigè nan ponp demen lendi 10 dawout 2026 la. Dezisyon sa a se […]Lire plus...

Meri Petyonvil entèdi moto 3 wou anndan vil la

Responsab Meri Petyonvil yo anonse mezi pou entèdi moto 3 wou sikile nan sant vil komin nan apati lendi 10 dawout 2026. Se ajan enterimè Marie Géralda Nelson ki fè anons sa a sou paj Facebook meri a. Otorite kominal yo mande tout moun ki konsène respekte mezi sa a pou yo pa tonbe anba […]Lire plus...

Moun Wanament mande TPTC aji vit sou kanal ri Espanyòl

Plizyè sitwayen nan vil Wanament denonse pasivite minis Travay Piblik yo, Almarthe Pierre-Louis konsènan konstriksyon kanal gran Ri Espanyòl la. Selon sitwayen yo, anviwon 9 jou aprè minis la fin lanse pwojè a, travay yo ap make pa sou plas. Kanal sa a lakoz gen blokis pousyè ak labou e li sitirè fatra sitou lè […]Lire plus...

Fanmi Joe Biden enkyè pou eta sante li

Eta sante ansyen prezidan Joe Biden mete fanmi li nan gwo enkyetid. Selon pitit gason li Hunter Biden ki t ap pale ak BBC, gen yon kansè pwostat k ap pwogrese lakay prezidan an epi li deja gaye nan zo li. Hunter ajoute ansyen prezidan an ap soufri anpil anba maladi sa a ki gen […]Lire plus...

Medsen San Fwontyè oblije sispann sèvis li yo ankò nan

Medsen San Fwontyè (MSF) anonse li sispann aktivite li yo ankò nan matènite Isaïe Jeanty, zòn Chansrèl nan komin Site Solèy. MSF pran mezi sa a akoz vyolans gang yo ki retounen monte anndan pi gwo bidonvil peyi a. Ã’ganizasyon sanitè a fè konnen lavi pasyan ak pèsonèl medikal yo an danje anndan Site Solèy. […]Lire plus...

Papa Lionel Messi mouri

Jorge Messi, papa Lionel Andres Messi pèdi lavi nan vil Rosario nan peyi Ajantin ak 68 rekòt kafe sou tèt li aprè l te pase yon tan malad. Papa entènasyonal ajanten an t ap lite kont yon kansè pankreya e eta sante l pat sispann deteryore sitou dènye tan sa yo. Se yon gwo doulè […]Lire plus...

Enspektè divizyonè ki fè 14e pwomosyon PNH la kidnape

Waldex Valcourt, enspektè divizyonè ki fè pati 14e pwomosyon PNH la viktim kidnaping byen bonè maten samdi 8 dawout 2026 la devan lakay li Dèlma 31. Selon enfòmasyon yo, se pandan polisye pral travay atoufè yo kidnape l. Waldex Valcourt se yon ajan USGPN. Pandan Paraison ap chache gen rezon sou Dèlma, kidnaping nan toujou […]Lire plus...

Moïse Jean-Charles konvoke nan dosye Jovenel Moïse la

Jij enstriktè Denis F. Ciprien konvoke ansyen senatè Moïse Jean-Charles pou l prezante nan kazye li madi 11 dawout 2026 a midi pou l vin reponn kesyon nan kad ankèt k ap mennen sou dosye asasina defen Jovenel Moïse la. Lidè Pitit Desalin nan konvoke kòm temwen nan dosye a. Moïse Jean-Charles reyaji rapid pou […]Lire plus...

18 regwoupman politik otorize pou eleksyon yo

Konsèy Elektoral Pwovizwa a mete deyò yon lis ki gen 18 regwoupman pati politik ki anrejistre nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo. Piblikasyon sa a fèt aprè peryòd depo dosye yo fin fèmen ayè jedi 6 out 2026 la. Selon KEP a, 18 estrikti politik sa yo rasanble 236 pati ak òganizasyon politik sou […]Lire plus...

Contact Us