Selon Ministè Finans ak Ministè Kòmès, nouvo pri pwodui petwolye yo fikse konsa sou mache lokal la: 700 goud pou yon galon gazolin, 770 goud se nouvo pri dizèl la epi 765 goud pou kewozèn. Nouvo pri sa yo dwe antre an vigè nan ponp demen lendi 10 dawout 2026 la.
Dezisyon sa a se manm konsèy konsiltatif la ki pran l 7 dawout 2026.





















