redacteur 1

Yon evade prizon arete nan depatman Sidès

Lapolis anonse arestasyon Nicolas Eddy, yon prezime bandi 35 an, nan lokalite Bè Zoranj, nan komin Bèlans, depatman Sidès. Daprè otorite yo, Eddy te deja nan prizon anvan men li te rive chape nan mwa mas 2024. Aprè evazyon li, li ta pase plizyè jou nan yon baz gang nan Vilaj de Dye, anvan li […]Lire plus...

Lapolis poze lapat sou yon bra dwat Nenel Cassy

Lapolis poze lapat sou yon bra dwat Nenel Cassy Michel Jeana alyas Chamo, jwenn arestasyon l jounen mèkredi 19 dawout la nan komin Dèlma. Se Lapolis ki fouke misye nan yon machin Prado koulè blanch, plak DG-000 42. Selon enfòmasyon ki disponib, komisè Muscadin t ap bouske misye lontan pou relasyon l ak gang. Li […]Lire plus...

Yon otaj libere aprè yon operasyon PNH la nan Montay

Daprè yon nòt Direksyon Kominikasyon PNH (DIKOP) pibliye jounen madi a, operasyon an te fèt anba sipèvizyon Direktè Jeneral PNH la, André Jonas Vladimir Paraison. Entèvansyon an te pèmèt fòs lòd yo reprann viktim nan vivan, mete fen ak plizyè jou li te pase anba kontwòl malfra yo. Responsab yo pa bay detay sou sikonstans […]Lire plus...

Abigail Florestal ranpòte Jetour 2026 la

Abigaïl Florestal se ofisyèlman gayan Jetour 2026 la. Li soti ak yon machin nan kad dènye edisyon festival gastwonomik “Haïti à Déguster”, ki te dewoule 8 mas 2026. Remiz ofisyèl machin nan fèt madi 18 out 2026 la, nan otèl El Rancho, an prezans ekip òganizatè yo. Nan okazyon sa a, ekip Haïti à Déguster […]Lire plus...

5 ayisyen blese nan yon aksidan Sendomeng

5 resòtisan ayisyen blese madi 18 dawout 2026 sa a aprè 2 machin imigrasyon fin fè aksidan nan zòn San Juan sou wout Francisco del Rosario Sanchez. Aksidan fèt aprè kawotchou youn nan kamyon yo fin eklate. Youn nan machin yo te gen anviwon 304 ayisyen yo ta pral depòte selon medya dominiken yo. Fason […]Lire plus...

Okay: yon manman touye pitit li epi li tante touye

Stéphanie Dorsainvil touye pwòp pitit li Lyncé Raïtza Dominique ak kout kouto ayè lendi 18 out la nan aswè. Ti pitit la gen 9 lane e selon enfòmasyon yo li ta pral fè 5e ane fondamantal. Nan yon lèt Stéphanie ekri, li di se move kondisyon lavi, estrès, lekòl pral ouvè, li pa wè sa […]Lire plus...

Iguana Café boule nan mitan lannwit

Iguana Café, yon night-club ki sitiye sou wout Canapé-Vert, te sibi yon gwo dife nan lannwit samdi 15 pou rive dimanch 16 out 2026. Dapre premye eleman enfòmasyon ki disponib yo, dife a ta ka soti nan fatra ki t ap boule toupre etablisman an. Pwopriyetè lokal la, Georges Duperval, te blese pandan ensidan an. […]Lire plus...

Anpil sitwayen ayisyen poko wè klè pou eleksyon yo

Plizyè sitwayen k ap swiv koze eleksyon yo de prè nan peyi a vrèman pesimis. Si KEP a ak gouvènman an anonse premye tou eleksyon yo pou desanm 2026, moun yo di yo pa wè kouman sa posib. Wout nasyonal yo ki toujou bloke, pil komin ki enpratikab paske yo se tèritwa pèdi, kriminèl ak […]Lire plus...

Contact Us