Daprè yon nòt Direksyon Kominikasyon PNH (DIKOP) pibliye jounen madi a, operasyon an te fèt anba sipèvizyon Direktè Jeneral PNH la, André Jonas Vladimir Paraison. Entèvansyon an te pèmèt fòs lòd yo reprann viktim nan vivan, mete fen ak plizyè jou li te pase anba kontwòl malfra yo. Responsab yo pa bay detay sou sikonstans liberasyon an, ni sou kantite moun ki ta rive arete oswa blese pandan operasyon an. Yo pa presize non viktim nan tou, sa ki sanble antre nan mezi pwoteksyon ki souvan akonpaye kalite entèvansyon sa yo.
Nan menm kominikasyon an, PNH fè konnen li kontinye entansifye operasyon sekirite sou tout tèritwa nasyonal la pou konbat kidnaping ak lòt fòm krim òganize k ap afekte popilasyon an.





















