Yverick Delerme Cyril, konsil jeneral peyi d Ayiti nan Miami deklare e n ap site: “kòman yon moun fè ap rantre lakay li pou l ta atann m ap fè preparasyon pou li? Se pa yon fèt m ap òganize. Se pa envite m ap envite w”, se konsa konsil la pale de ayisyen ki sou TPS Ozetazini e ki riske depòte Ayiti yo. Li fè deklarasyon sa a nan mikwo jounalis Luckson St-Vil.
Selon Yverick Delerme, Leta Ayisyen pa dwe moun sa yo anyen paske se lakay yo y ap retounen.













