Pandan kanpay kalifikasyon pou Mondyal 2026 la, seleksyon nasyonal la pat gen lajan nan men l pou pèmèt li ta pi byen prepare match yo. Pat gen okenn mobilizasyon finansye ki te fèt bò kote Leta pou ede Grenadye yo avanse. Menm prim pou ankouraje ti mesye yo Ministè Espò pat mete disponib. Jounen jodi […]Lire plus...
Plizyè militè ameriken, yon jou avan selebrasyon batay Vètyè a 18 novanm deplòtonnen nan kapital la. Selon yon kominike anbasad amerikèn mete deyò, militè sa yo vini pou ogmante sekirite misyon diplomatik yo a. Yo di yo la tou pou soutni Lapolis Nasyonal d Ayiti ak lòt fòs k ap lite kont krim òganize. Militè […]Lire plus...
Leson Desalin ak twoup li yo te bay mond lan 18 novanm 1803 a ap rete grave nan tout listwa limanite men, pou dirijan ayisyen yo, sanble sa pat vle di anyen. 222 lane aprè potorik viktwa sa a kote nou te mete do blan fransè atè epi limen flanbo libète, dirijan politik ayisyen yo […]Lire plus...
Plizyè lekòl kanpe travay jounen lendi 17 novanm 2025 akoz gwoup teworis Viv Ansanm lan ki te anonse kraze brize pou kòmansman semèn sa a. Depi ayè dimanch lan, plizyè lekòl te lage kominike pou anonse paran yo pa voye elèv yo lekòl. Yon seri deriv k ap gen gwo enpak sou fonksyonman pwogram lekòl […]Lire plus...
Wo grade PNH la sòti yon kominike pou mande tout responsab twoup ak inite nan kò polis la pou konvoke tout polisye nan baz yo apati lendi 17 novanm nan jiskaske yon lòt lòd bay. Tout konje anile e tout polisye dwe sou pòs yo. Konvokasyon sa a fèt anviwon 24è aprè teworis fin anonse […]Lire plus...
Wadley Jeune, yon polisye BRI ki sòti nan 34e pwomosyon PNH la pèdi lavi l sou kabann lopital ayè vendredi 14 novanm nan aprè l te fin resevwa yon bal. Ajan 1 sa a te nan afwontman ak teworis yo nan komin Laskawobas, malerezman, li pa rejwenn fanmi l. N ap raple teworis ki bay […]Lire plus...
Lapolis pote boure sou Lanmò 100 jou yon fason pou pwoteje enterè Apaid. Plizyè mèsenè deplwaye nan elikoptè pou mete bal sou bandi yo. Nan jounen vandredi 14 novanm nan, batay sa a lakoz fòs lòd yo pèdi yon elikoptè. Kòm bilan, Lapolis sezi Barrett lanmò 100 jou a, anpil kriminèl bwè dlo bouch yo, […]Lire plus...
Volim kidnaping nan monte byen wo nan Dèlma ak lòt zòn vwazen yo. Sèlman maten jedi 13 novanm 2025 lan, pou pi piti 3 moun viktim zak kidnaping san konte plizyè tantativ ki fèt. Nan zòn Kriswa, gen yon sitwayen ki temwen yon anlèvman, li alète plizyè bakòp ki te nan perimèt la, pandan li […]Lire plus...
Pandan plizyè milye konpatriyòt ayisyen ap reklame komisè Muscadin kòm prezidan peyi d Ayiti, BINUH sòti yon rapò tèt chat e ladan l, li prepare yon paragraf ki gen sèlman 5 liy. Nan paragraf sa a, yo di komisè a touye 27 moun soti avril ppu rive septanm 2025. Sofke, yo pa di ki tip […]Lire plus...
Depi plizyè jou, Lapolis lanse yon operasyon nan plèn nan ak anndan Taba ki pa vrèman bay rezilta. Sitiyasyon sa a lakoz anpil moun viktim. Genyen ki mouri e gen lòt ki blese. Anpil nan manm popilasyon an kouri kite kay yo akoz menas gang 400 mawozo a. Anpil kote deja bloke a gwo barikad […]Lire plus...
