Volim kidnaping nan monte byen wo nan Dèlma ak lòt zòn vwazen yo. Sèlman maten jedi 13 novanm 2025 lan, pou pi piti 3 moun viktim zak kidnaping san konte plizyè tantativ ki fèt. Nan zòn Kriswa, gen yon sitwayen ki temwen yon anlèvman, li alète plizyè bakòp ki te nan perimèt la, pandan li […]Lire plus...
Pandan plizyè milye konpatriyòt ayisyen ap reklame komisè Muscadin kòm prezidan peyi d Ayiti, BINUH sòti yon rapò tèt chat e ladan l, li prepare yon paragraf ki gen sèlman 5 liy. Nan paragraf sa a, yo di komisè a touye 27 moun soti avril ppu rive septanm 2025. Sofke, yo pa di ki tip […]Lire plus...
Depi plizyè jou, Lapolis lanse yon operasyon nan plèn nan ak anndan Taba ki pa vrèman bay rezilta. Sitiyasyon sa a lakoz anpil moun viktim. Genyen ki mouri e gen lòt ki blese. Anpil nan manm popilasyon an kouri kite kay yo akoz menas gang 400 mawozo a. Anpil kote deja bloke a gwo barikad […]Lire plus...
Vè 1è 23 nan laprè midi jounen madi 11 novanm 2025 lan, yon ensidan grav ki rive lakoz kouran an te koupe nan tout peyi a. Blakawout sa a te lakoz metwo yo bloke ak tout teleferik ki t ap fonksyone yo. Selon minis Enèji nan peyi vwazen an, Joel Santos EcheverrĂa, deja gen yon […]Lire plus...
Daprè deklarasyon ansyen prizonye Guy Phillipe fè nan medya, gouvènman Alix Didier Fils-AimĂ© a okouran de zafè dwòg sa a Apaid ap pwodui nan plèn nan e se yo menm ki ba l otorizasyon. Guy Phillipe fè konnen, se Ariel Henry ki te bay milat sa yo otorizasyon sa a e rès gouvènman k ap […]Lire plus...
Chak samdi, selon plizyè sitwayen, gen ajan BSAP ki toujou vin touche nan mache Otwou a. Samdi kite 8 novanm lan, lè yo rive devan Rosecarmène, selon temwen ki te sou plas yo, li mande l 50 goud la dam nan di l poko vann ajan BSAP la rale zam li, li touye Rosecarmène ak […]Lire plus...
Poutèt li pa janm reponn ak plizyè konvokasyon Inite Lit Kont Kòripsyon te fè l, Jean Ronald Joseph, ansyen direktè Fon Nasyonal Edikasyon an p ap dòmi trankil nan kabann li. ULCC lage yon avi rechèch dèyè misye paske l detounen lajan piblik, abi fonksyon, paske l abize byen sosyal epi li antrave lajistis. Jean […]Lire plus...
Aprè Apaid fin mande lapolis pou al atake kriminèl yo nan plèn nan, poutèt lanmò pèdi plizyè sòlda ak machin li, li lage yn videyo kote l ap montre Apaid k ap pwodwi dwòg nan plèn nan. Lanmò 100 jou te anonse l ap lage plis videyo yo deyò. Selon chèf gang nan, non sèlman […]Lire plus...
Numa Angel Muller, yon jounalis repòtè konnen yon move moman nan Tèrye Wouj ayè samdi 8 novanm 2025 lan. Konfrè a t ap sòti Karakòl pou ale lakay li Wanament e lè l rive Tèrye Wouj, li jwenn manm popilasyon an k ap boule yon baz BSAP aprè yon ajan te fin tire yon machann. […]Lire plus...
Nan lide pou kenbe aspè moral ak repitasyon sosyete ayisyèn nan, Leta ayisyen, atravè sèvis ladwann entèdi jwèt seksyèl tankou sextoy, flè, fo peni pou n site sa yo ase, antre nan peyi d Ayiti. Selon responsab yo, bagay sa yo pa kadre ak lwa peyi d Ayiti. Yon desizyon ki deja soulve kòlè anpil […]Lire plus...
