Pou rive nan pò Pòtoprens lan, fòk se blennde ki travèse ak moun yo. Lè yo rive devan pò a, yo konn pase plizyè jou la ap pase mizè, lapli mouye yo, bandi ap pete bal nan tèt yo. Nan moun sa yo, gen fanm ansent, ti moun piti, ti granmoun, elatriye. Pafwa se kèk […]Lire plus...
Nan kan OPC ki sou wout Boudon an, pandan FAES t al distribiye manje bay moun ki deplase yo, Leslie Voltaire te eseye al vòlè vedèt la. Se bon pye l ki mete l deyò tèlman popilasyon an t ap fè tantativ pou yo met men sou li. Se gras ak ajan sekirite l yo […]Lire plus...
Pandan FJKL ap pwodwi rapò sou tout kalite dosye nan peyi d Ayiti, sitou dosye kòripsyon, mèt Samuel Madistin ki se yon gwo poto anndan òganizasyon dwa moun sa a, anpil moun te etone wè se Samuel Madistin k ap defann Youri Latortue, ki gen yon bann dosye lou peze sou do l, tankou detounman […]Lire plus...
Aprè deklarasyon ekonomis Etzer Emile la, anpil moun swa kont oubyen pou. Wi tout moun rekonèt pa gen anyen ki fèt aprè 1804 pou leve eskanp figi peyi a sou plan ekonomik ak sosyal men travay Desalin nan ap rete imòtèl. Kèlkeswa jan politisyen ayisyen fè pou krache sou non papa nasyon an, Desalin ap […]Lire plus...
Si nan peyi d Ayiti, nèg ak fanm ki nan gouvènman yo ap priye kilè pou gwo dega fèt pou yo gagote lajan sou do sinistre pandan pasaj Melisa a, nan peyi vwazen, se yon lòt bagay k ap fèt. Pandan siklòn nan ap yaya kò l nan rejyon an, zòn ki afekte yo gouvènman […]Lire plus...
Nan yon kominike li mete deyò pandan semèn sa a, Ministè Jitis ak Sekirite Piblik fè konnen, gen pliske 200 pati politik ki anrejistre nan peyi a. Pati sa yo, pi fò ladan yo gen adrès yo Dèlma ak Petyonvil. Anplis de non pati sa yo ki dwòl men pou mèt yo, pèsonn pa konn […]Lire plus...
Bilan yo pa piti akòz tanpèt twopikal Melissa ki pote gwo lapli ak inondasyon. Nan komin Marigo, depatman Sidès, gen yon granmoun 70 lane ki pèdi lavi l aprè yon pye bwa fin tonbe sou li. Nan depatman Latibonit, anviwon 5 moun blese pandan gen plizyè lòt kote dlo ak glisman tèren fè anpil dega. […]Lire plus...
Manm komite Nasyon Zini k ap simaye sanksyon kont ayisyen yo twouve yo nan peyi d Ayiti nan moman an. Y ap rankontre ak direktè PNH la, direktè ULCC a, elatriye. Selon enfòmasyon k ap sikile, aprè rankont sa yo, 4 lòt ansyen senatè , 3 ansyen depite ak moun ki nan sektè prive a […]Lire plus...
5 depatman: Lwès, Nip, Grandans, Sid ak Sidès deja anba alèt jòn. Responsab pwoteksyon sivil yo fè konnen tanpèt twopikal Melissa kapab trennen dèyè l anpil lapli ak van ki vyolan. Depi Jounen madi kite 21 oktòb la, anpil kote nan peyi a te deja resevwa lapli. Otorite yo mande tout popilasyon an pou yo […]Lire plus...
Chofè ki asire transpò Kafou vè Pòtoprens yo di yo bouke akoz kriminèl k ap opere sou wout yo deside ogmante lajan y ap ranmase nan men yo. Yo pran mezi sa a paske tarif la te 50 goud, yo te monte l 125 goud men kounye a, y ap egzije chofè yo jiska 250 […]Lire plus...
