Inyon Ewopeyèn anonse yon èd ki estime a 21.5 milyon Ewo pou Ayiti ak rès peyi nan Karayib la ki viktim aprè pasaj ouragan Melissa yo. Nan lajan sa a, 2 milyon ap vin jwenn Ayiti pou ede moun ki viktim anba men gang selon donatè yo, 5 milyon pral jwenn Jamayik, Kiba ak Ayiti toujou men sa a se pou ede sinistre Melissa yo. Fon sa a dwe itilize pou ijans imanitè nan peyi ki pral benefisye l yo.
Nan peyi d Ayiti, rete pou konnen si vrè viktim yo ap souse yon mant nan lajan sa yo.





















