Ouragan Melissa sakaje Ayiti pandan pasaj li a. Selon dènye rapò pwoteksyon sivil pibliye, sou tout peyi a. DGPC di gen 1 156 sinistre, 2 399 fanmi plase nan abri pwovizwa sou tout tèritwa nasyonal la. Risk pou gen inondasyon ak glisman tèrèn an toujou kenbe sou depatman Grandans, Sid, Sidès ak Nip. Otorite pwoteksyon […]Lire plus...
Meriken tèlman konnen Ayiti frajil, anvan anyen yo mande konpatriyòt yo kite l. Se ka pou ouragan Melissa k ap frape peyi a. Yo mande resòtisan yo kite peyi a paske yo paka garanti yo okenn sekirite. Yo mande sa ki te gen pou antre nan peyi a tou pa fè sa. Lè gen katastwòf […]Lire plus...
Anthony Drew ki se yon atis trè popilè e ki kolabore ak plizyè atis Ayisyen, sibi zak depòtasyon. Etazini depòte l paske l t ap plede jwe nan pwogram kay Tonton Sam san l pat gen otorizasyon travay. Dosye sa a fè anpil pale anpil sitou paske atis la te toujou konn antre Ayiti ak […]Lire plus...
Pou rive nan pò Pòtoprens lan, fòk se blennde ki travèse ak moun yo. Lè yo rive devan pò a, yo konn pase plizyè jou la ap pase mizè, lapli mouye yo, bandi ap pete bal nan tèt yo. Nan moun sa yo, gen fanm ansent, ti moun piti, ti granmoun, elatriye. Pafwa se kèk […]Lire plus...
Nan kan OPC ki sou wout Boudon an, pandan FAES t al distribiye manje bay moun ki deplase yo, Leslie Voltaire te eseye al vòlè vedèt la. Se bon pye l ki mete l deyò tèlman popilasyon an t ap fè tantativ pou yo met men sou li. Se gras ak ajan sekirite l yo […]Lire plus...
Pandan FJKL ap pwodwi rapò sou tout kalite dosye nan peyi d Ayiti, sitou dosye kòripsyon, mèt Samuel Madistin ki se yon gwo poto anndan òganizasyon dwa moun sa a, anpil moun te etone wè se Samuel Madistin k ap defann Youri Latortue, ki gen yon bann dosye lou peze sou do l, tankou detounman […]Lire plus...
Aprè deklarasyon ekonomis Etzer Emile la, anpil moun swa kont oubyen pou. Wi tout moun rekonèt pa gen anyen ki fèt aprè 1804 pou leve eskanp figi peyi a sou plan ekonomik ak sosyal men travay Desalin nan ap rete imòtèl. Kèlkeswa jan politisyen ayisyen fè pou krache sou non papa nasyon an, Desalin ap […]Lire plus...
Si nan peyi d Ayiti, nèg ak fanm ki nan gouvènman yo ap priye kilè pou gwo dega fèt pou yo gagote lajan sou do sinistre pandan pasaj Melisa a, nan peyi vwazen, se yon lòt bagay k ap fèt. Pandan siklòn nan ap yaya kò l nan rejyon an, zòn ki afekte yo gouvènman […]Lire plus...
Nan yon kominike li mete deyò pandan semèn sa a, Ministè Jitis ak Sekirite Piblik fè konnen, gen pliske 200 pati politik ki anrejistre nan peyi a. Pati sa yo, pi fò ladan yo gen adrès yo Dèlma ak Petyonvil. Anplis de non pati sa yo ki dwòl men pou mèt yo, pèsonn pa konn […]Lire plus...
Bilan yo pa piti akòz tanpèt twopikal Melissa ki pote gwo lapli ak inondasyon. Nan komin Marigo, depatman Sidès, gen yon granmoun 70 lane ki pèdi lavi l aprè yon pye bwa fin tonbe sou li. Nan depatman Latibonit, anviwon 5 moun blese pandan gen plizyè lòt kote dlo ak glisman tèren fè anpil dega. […]Lire plus...
