Ă’ganizasyon sa a ki fè pati Nasyon Zini e k ap jere zafè ti moun nan mond lan sòti yon rapò pou l di se plis pase 600 mil ti moun gang yo fòse deplase atravè peyi a. Daprè Unicef, gen anviwon 3 milyon ti moun ki gen bezwen ijan nan peyi d Ayiti. ONGI […]Lire plus...
Sòti mwa janvye pou rive Out 2025, Dominikani vann Ayiti danre ak lòt pwodwi pou pliske 775.8 milyon dola. Chif sa yo reprezante yon ogmantasyon 32.3% pa rapò ak lane 2024. Selon kèk ekonomis, depi pa gen chanjman, eskpòtasyon dominikèn vè Ayiti kapab atenn yon milya dola avan ane a fini. Pandan n ap desann […]Lire plus...
Zèfèyis ak gwo zam fann fwa debake nan blòk Tijo madi 7 oktòb 2025 lan. Yo kidnape anviwon 3 moun, yo vòlè anpil bagay pou abitan zòn nan. Atak sa yo repete plizyè fwa sou zòn sa a depi aprè lekòl fin relouvri a. Malgre rezistans brigadye yo, sa pa anpeche teworis yo miltipliye move […]Lire plus...
731 gason ak 161 fanm, se kantite apsiran polisye ki apenn fèmen anndan Akademi Polis la sou Wout Frè pou yo pran fòmasyon. Mesye dam sa yo pral fè pati 35e pwomosyon PNH la. Se yon seremoni ki te dewoule an pezans Leslie Voltaire, Alix Didier Fils-AimĂ© ak DG PNH la, AndrĂ© Jonas Vladimir Paraison […]Lire plus...
Fason gouvènman ayisyen an ap itilize dwon kamikaz yo kont bandi yo nan peyi d Ayiti pa fè Wo Komisarya pou Dwa Moun plezi. Volker TĂĽrk ki se responsab antite sa a anndan Nasyon Zini deklare, fason dwon yo ap itilize a ilegal. Pi lwen, li fè konnen depi lè yo kòmanse lage dwon yo, […]Lire plus...
Gen yon seri diplomat ayisyen ki gen pliske 20 lane Ozetazini. Gen lòt ki gen ant 10 a 15 lane san yo pa janm chanje yo, anplis gen ladan yo nan gwo zak kòripsyon. Yon sitiyasyon ki pouse depatman deta ameriken reyaji epi mande moun KPT yo pou yo ranplase diplomat sa yo rapid vit. […]Lire plus...
An prezans kòmandan Lame d Ayiti a, chèf Polis la, Vladimir Paraison san bliye lòt pèsonalite nan KPT a, Laurent St-Cyr pran avyon dimanch 5 oktòb 2025 sa a pou l ale nan peyi Etazini. Selon enfòmasyon ki disponib yo, Laurent St-Cyr ap gen pou ale Japon tou. Sofke pa gen okenn detay ki bay […]Lire plus...
Soti janvye 2022 pou rive jiyè 2025, gen 16 000 moun ki pèdi lavi yo nan peyi d Ayiti daprè yon rapò Wo Komisarya pou Dwa moun pibliye 2 oktòb pase a. Selon Volker TĂĽrk, se gang ki fè lalwa nan peyi a kote pliske 500 mil zam tout kalite ap sikile. Malgre chif sa […]Lire plus...
Se yon panèl 3 jij nan yon kou dapèl Florida ki pran desizyon sa a e sa vin otomatikman legal kounye a pou yon sitwayen pote zam li jan l vle nan lari. Yon mezi kifè divès abitan Florida gen kè kontan pou lwa sa a, kote sitwayen ak sitwayèn nan Eta Florid ap ka […]Lire plus...
Prezidan dominiken an, Luis Abinader ekri Xi Jinping, prezidan Chinwa a ak Vladimir Poutine, Prezidan Ris la pou mande yo bay sipò yo ak rezolisyon 2793 Nasyon Zini an ki kreye yon nouvèl fòs pou vin konbat gang yo an Ayiti nan plas MMAS la. Nan lèt sa a, li mande 2 chèf Leta yo […]Lire plus...
